ZENGLEN - Child Support (Reginald Cange Live in Paris)

Fin banm zoklo, fin banm prizon
Epi w lage m nan Child support
Sa pap fèt, sa pap fèt non
It's not fair

Nan peyi serie dwa fanm respecte
Lè yon nonm pase deraye pou frape danje
Men sa pa vle di pou w abize yon lwa cheri
Nan ka sa mwen deja victim
Men kounya w soti pou w detwi lavi m
Banm yon chans pou m wè timoun yo
Banm yon chans pou mwen nan vi yo
Se tout dwa m se mwen k papa yo
Si gon w verite fò n di yo
Kote m te ye ankò a

Ah tèt mwen pati, ok m wè kibo m ye
Kounya m devan jij yap mande m qui suis-je
Mwen pa janm frape w ni joure w tèlman m adore w
Ou fin banm zoklo, ou pap menm vle m wè timoun yo
Pou lajan ou pèdi rezon

Ou abize la lwa ou fè m pran prizon
Banm yon chans pou m wè timoun yo
Banm yon chans pou mwen nan vi yo
Se tout dwa m se mwen k papa yo
Si gon w verite fò n di yo

Child support ta supoze aplike nan lemond antye
Aux Etats-Unis se on lwa ki pwoteje fanm kont gason kap bay gòl kouri
Se nòmal lè w pa ka okipe timoun ou pa bay gròs
Men nan ka pa m nan l diferan m okipe pitit mwen
Se ou kap bay pwoblem
It's not fair

Kite Zenglen poze
Kòm nou ka wè bagay yo still wòch sou wòch metal sou metal
Chak fwa map panse dlo pran koule nan je m doudou
Pou jan nou te renmen pou jan nou tap Mennen
Menm lè m pa la pèsòn pap chanje sa
Timoun yo se pitit mwen se vi mwen, se san mwen yo ye
Fin banm zoklo, fin banm prizon
Epi w lage m nan Child support
Sa pap fèt, sa pap fèt non
It's not fair non non non
Ou fin drive kò w nan lari a epi se mwen sèl kap pran presyon
Sa pa fèt, it's not fair

Yon jou w pral regret timoun yo pral grandi cheri
Yo pral poze w kesyon - mommy where is daddy?
Ou pap ka bay manti paske lasosyete deja konnen sak pase
Gen twòp je ki tap gade
Pito mwen rekòmanse medite, konsyantize
Ou pa ta fè m sa - cheri mwen
Ou pa ta fè m sa - pou jan m te renmen w
Ou pa ta fè m sa - pou jan m envesti
Ou pa ta fè m sa - ou fè m fè tansyon wi
Ou pa ta fè m sa - m santi map mouri
Ou pa ta fè m sa

Tempo
E oh oh - se mwen
E oh oh ah - se mwen
Lè bill pou peye - se mwen
Timoun pral lekòl - se mwen
Fanmi w gen pwoblèm - se mwen
Lè w gen malady - se mwen
Cheri ou pa ta fè m sa - se mwen
Doudou m pa merite sa - se mwen
M pa konn le premye - se mwen
M konn le dènye - se mwen
Lè pa gen manje - se mwen
Ou bezwen lajan - se mwen
Cheri ou pa ta fè m sa - se mwen
Honey m pa merite sa - se mwen
E oh oh - se mwen
E oh oh ah - se mwen
E oh oh - se mwen

Written by:
Jean Brutus Derissiant

Publisher:
Lyrics © O/B/O DistroKid

Lyrics powered by Lyric Find

ZENGLEN

ZENGLEN

View Profile